Accessibility links

Breaking News

Nan Gwadloup ak Matinik, Mekontantman Popilè Kont Vaksinasyon pou KOVID-19


Yon machin ki boule nan pwotestasyon kont vaksinasyon pou KOVID-19 ki dewoule nan Fòdfrans, Matinik, vandredi 26 novanm 2021 an.
Foto: REUTERS/Ricardo Arduengo.
Yon machin ki boule nan pwotestasyon kont vaksinasyon pou KOVID-19 ki dewoule nan Fòdfrans, Matinik, vandredi 26 novanm 2021 an. Foto: REUTERS/Ricardo Arduengo.

Pep la leve pou l denonse, antwòt, desizyon gouvènman fransè a pran pou l oblije pèsonèl medikal la pran vaksen kont maladi kowonaviris la kòm kondisyon pou medsen, enfimyè, lòt travayè lasante, elatriye, pa pèdi travay yo.

Depi kek jou deja, popilasyon zile antiyè La Gwadloup leve kanpe pou li denonse, antwòt, desizyon gouvènman fransè a pran pou l oblije pèsonèl medikal la pran vaksen kont maladi kowonaviris la kòm kondisyon pou medsen, enfimyè, lòt travayè lasante, elatriye, pa pèdi travay yo. Konfwontasyon ant manifestan ak reprezantan fòs de lòd yo koze gwo dega nan sektè komèsyal la e nan mitan popilasyon sivil la.

Sa gen 2 jou depi mouvman pwotestasyon an gaye nan zile vwazen La Matinik kote konfwontasyon koze menm kalite dega ak sa yo anrejistre nan La Gwadloup.

Klike sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon video kote Jacquelin Bélizaire pote plis detay.

Manifestasyon vyolan nan Lagwadloup ak Matinik.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:26 0:00

XS
SM
MD
LG