Accessibility links

Breaking News

La Frans ap Reflechi Sou Otonomi Pasyèl pou Guadeloupe


Debri nan mitan lari Le Gosier, nan Guadeloupe apre dezod ki fet sou zile a, Dimanch 21 Nov. 2021.
Debri nan mitan lari Le Gosier, nan Guadeloupe apre dezod ki fet sou zile a, Dimanch 21 Nov. 2021.

Gouvènman Franse ofri pou'l diskite sou plis otonomi pou zile Guadeloupe.

Zile a, ki se yon teritwa Franse ap fè fas ak yon pakèt dezòd ak grèv kote moun yo ap pwoteste kont restriksyon kowonaviris yo.

Minis Outremèr gouvenman an prezante òf la nan nuit la. Men san pèdi tan, kandida a la prezidans konsèvatè ak ektrèm dwat pou eleksyon mwad Avril 2022 yo te kritike'l.

Guadeloupe sèvi ak euwo a kòm lajan e li gen relasyon pwòch ak la Frans. Sepandan chomaj la wo anpil nan Guadeloupe ak Matinikk tou, kote lavi chè rann sityasyon an difisil. Moun yo vekse pou sa yo konsidere kom abi istorik la Frans komèt kont yo e sa lakoz kèk responsab lokal mande chanjman.

Ni Guadeloupe, ni Matinik se teritwa outremè peyi la Frans.

GADE: Repotaj sou sityasyon an nan Guadeloupe ak Matinik

Sitiyasyon an toujou konplike nan gwadeloup ak martinik sou koze vaksen anti covid 19 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:26 0:00

XS
SM
MD
LG