Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Grav nan La Gwadloup kont Obligasyon pou Moun Pran Vaksen Anti KOVID-19


Lapolis t ap jere sikilasyon an apre manifestasyon ki te dewoule sou yon wout nan Le Gosier, Gwadloup, dimanch 21 novanm 2021.
Lapolis t ap jere sikilasyon an apre manifestasyon ki te dewoule sou yon wout nan Le Gosier, Gwadloup, dimanch 21 novanm 2021.

Daprè nouvèl yo, manifestasyon gaye tou nan La Matinik kote moun yo ap pwoteste sitou kont desizyon ki oblije manm pèsonèl medikal yo pran vaksen kont KOVID-19 la, sinon yo pa p ka travay.

Nouvèl ki sòti an Frans fè konnen Prezidan Emmanuel Macron lanse, lendi 22 novanm 2021 an, yon apèl o kalm nan La Gwadloup kote gen vyolans ak zak piyaj nan vil yo. Daprè menm nouvèl yo, mouvman leve-kanpe a gaye tou nan La Matinik aprè plizyè òganizasyon sendikal te lanse apèl pou mande abitan zile vwazen an pote-kole ak mouvman an, sitou pou yo pwoteste kont desizyon gouvènman an ki fè manm pèsonèl medikal yo obligasyon pou yo pran vaksen kont KOVID-19 la, sinon yo pa p ka travay.

Se konsa nan jounen lendi a, wout ki mennen nan Pò Fòdfrans la, kapital Matinik, ak sa yo ki mennen nan plizyè zòn komèsyal te bloke, daprè direksyon depatmantal Sekirite Piblik la.

Finalman, Premye Minis Jean Castex te sipoze resevwa, nan menm jounen lendi a, ofisyèl eli La Gwadloup yo aprè gouvènman an fin deside voye ranfò bay fòs polis ki sou zile a.

Pou w konnen kijan sitiyasyon an an jeneral evolye depi 3 jou nan La Gwadloup, tcheke video ki pi ba a pou w suiv yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes.

Mouvman leve-kanpe nan La Gwadloup kont vaksen anti KOVID
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:45 0:00

XS
SM
MD
LG