Accessibility links

Breaking News

Macron, Le Pen Pare pou Twoke Kònn nan yon Deba Desizif


Foto Achiv: Kandida a la prezidans pati ekstrem dwat la, Fron Nasyonal la, Marine Le Pen ( a goch) epi kandida prezidansyel mouvman En Marche! la, Emmanuel Macron.
Foto Achiv: Kandida a la prezidans pati ekstrem dwat la, Fron Nasyonal la, Marine Le Pen ( a goch) epi kandida prezidansyel mouvman En Marche! la, Emmanuel Macron.

Prezidan santris Franse a, Emmanuel Macron ak rival ekstrèm-dwat li a, Marine Le Pen pral twoke kònn yo Mèkredi swa nan yon deba televize ki ka difisil pou tou le 2 kandida yo.

Li taka desizif tou, kèk jou anvan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl la, ki fikse pou Dimanch kap vinn la a.

An 2017, yon deba konsa te bay kanpay Le Pen nan yon kou desizif. Li te ezite, konsilte nòt ki te anpile bò kote li, epi pèdi kalm ni ak fè erè elemantè sou kestyon tankou ekonomi a. Macron te pwofite.

Fwa sa a, Macron, ki gen 44 an, ap mennen apre premye tou 10 Avril la e lap mennen nan sondaj opinyon yo tou. Sepandan Le Pen, ki gen 53 zan diminye avans misye anpil, konparativman ak jan sityasyon an te ye an 2017.

XS
SM
MD
LG