Accessibility links

Breaking News

L’ONU Mande Jije Gouvènman Siryen an pou Krim Kont Limanite


L’ONU Mande Jije Gouvènman Siryen an pou Krim Kont Limanite
L’ONU Mande Jije Gouvènman Siryen an pou Krim Kont Limanite

Enfòmasyon tou nèf ki parèt pou di gouvènman peyi Siri a ranfòse operasyon sere-boulon li lanse kont manifestan k ap pwoteste pou reklame demokrasi, fè l’ONU mande pou rejim Prezidan Bashar Al-Assad la jije pou krim kont limanite.

Pi gwo otorite l’ONU nan domèn dwamoun nan, Navi Pillay, lanse apèl vandredi 2 desanm nan pou yo rele gouvènnan siryen an devan Wot Kou Entènasyonal Jistis la , swa tribinal entènasyonal ki jije moun pou komèt krim kont limanite e ki baze nan vil Lahè, peyi La Oland.

Pandan misye Pillay t ap pale nan yon rankont manm Konsèy Nasyonzini pou Dwamoun nan, ki reyini nan vil Jenèv, an Swis, li di konpòtman san fwa ni lwa, atitid diktatè rejim siryen an rive koze lanmò plizyè santèn timoun.

XS
SM
MD
LG