Accessibility links

Breaking News

Siri Apwouve Pwopozisyon Lig Arab la


Siri Apwouve Pwopozisyon Lig Arab la
Siri Apwouve Pwopozisyon Lig Arab la

Lig Arab la fè konnen gouvènman siryen an apwouve yon plan pou l redui nan koukou-wouj li mete depi 8 mwa dèyè moun ki kont li.

Pwopozisyon Lig Arab la te fèt pandan yon reyinyon gwoup la nan Le Ker. Li mande pou gouvènman siryen an wete fòs sekirite li nan lari e mete fren nan vyolans ke fòs gouvènman yo ap fè kont manifestan.

Li mande tou pou Siri lage prizonye politik e kòmanse fè chita-koze nan Le Ker ak opozisyon an pa pita ke nan 2 semèn.

Reprezantan Lig Arab la ki soti Qatar fè konnen Siri pwal kite laprès entènasyonal ak reprezantan Lig Arab la antre nan peyi a.

Anvan sa a Siri te mete restriksyon sou etranje ak manm laprès entènasyonal oubyen li te entèdi yo antre lakay li.

XS
SM
MD
LG