Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Turk la Egzòte Prezidan Siryen an Pou l Demisyone


Premy minis Turk la Recep Tayyip Erdoğan
Premy minis Turk la Recep Tayyip Erdoğan

Nan yon diskou li pwononse nan televizyon , premye minis turk la, Recep Tayyip Erdoğan, fè konnen ansyen alye pwòch li prezidan siryen an, Bashar Al-Assad, ta dwe pati kite pouvwa a pou anpeche plis san koule nan Siri.

Demach sila a gen pou wè ak byen èt pèp siryen an ak tout rès rejyon an nèt. Se premye fwa yon puisans rejyonal lanse apèl pou lidè siryen an bay demisyon l.

Erdoğan gen lontan depi li pa mete dlo nan bouch li pou l kritike operasyon sere boulon brital rejim Damas la dekrete kont manifestan anti-gouvènmantal yo.

Relasyon ant 2 peyi yo kontinye ap deteryore , apre bandi ame nan pati nò Siri te ouvè kout zam sou yon konvwa otobis ki t ap transpòte pèlren turk ki t ap soti nan komerasyon Hajj la nan Arabi Sawouditt.

XS
SM
MD
LG