Accessibility links

Breaking News

13 Moun Mouri nan yon Manifestasyon Anti-Gouvènmental nan Siri


Manifestan nan Siri k ap pwoteste kont gouvènman an
Manifestan nan Siri k ap pwoteste kont gouvènman an

Militan dwazimen yo fè konnen fòs sekirite Siryen touye 13 moun pou pipiti nan manifestasyon kont gouvènman an ki dewoule jodi a nan tout peyi a.

Devlopman sa yo rive nan moman gouvènman ap fè fas ak nouvo akizasyon ke li kapab koupab pou krim kont limanite.

Obsèvatwa Siryen pou Dwazimen an di pifò viktim jodi a tonbe nan rejyon Homs kote fòs sekirite yo lanse yon seri operasyon sereboulon nan vil la pou chache manb opozisyon an.

Militan yo di plizyè sòlda siryen mouri tou nan sa ki sanble yon anbiskad. Oken sous endepandan pat kapab konfime kantite viktim yo akoz gouvènman Siryen an entèdi jounalis etranje travay nan peyi a.

XS
SM
MD
LG