Accessibility links

Breaking News

Lig Arab la Eksprime Kè Sote li VIzavi Lagè Ikrèn nan


Solda Ikrenyen apre La Risi te lanse yon operasyon masiv kont Ikren, 27 Fevriye 2022.
Solda Ikrenyen apre La Risi te lanse yon operasyon masiv kont Ikren, 27 Fevriye 2022.

Lig Arab la eksprime kè sote li genyen sou lagè Ikrèn nan men li pa mande yon fen nan envazyon Ris la.

Oganizasyon pan-Arab la deklare nan yon kominike Lendi li apiye tout jefo kap fèt pou rezoud kriz la "atravè diyalog ak diplomasi."

Kominike a pibliye apre yon raknot reprezantan 22 peyi manm Lig Arab la te fè nan vil Kèr ann Ejipt.

Kominike a pa site non La Risi, ki gen lyen sere ak kèk pwisans rejyonal tankou Ejipt, Emira Arab Ini ak Arabi Saoudit, pa egzanp.

Pi fo gouvènman Arab yo evite kritike envazyon La Risi fè nan Ikrèn.

Emira Arab Ini, ki gen yon syèj pwovizwa nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an te fè mèman parèyman ak La Chin epi End e li absteni (pa vote ditou) sou rezolisyon Etazini patwone a, ki te anvizaje kondane envazyon an.

XS
SM
MD
LG