Accessibility links

Breaking News

Bank Ameriken yo Pare pou Sibè Atak Apre Nouvo Seri Sanksyon Kont La Risi yo


Yon woub Ris ak yon dola Ameriken.
Yon woub Ris ak yon dola Ameriken.

Bank Ameriken yo ap fè preparasyon pou sibè-atak Ris kòm reprezay pou sanksyon l'Oksidan mete kont La Risi poutèt li anvayi Ikrèn. Se sa ekspè sou sibè sekirite ak gwo responsab yo fè konnen.

Tansyon ant La Risi ak l'Oksidan te ogmante 17 wotè Samdi, apre Etazini ak alye li yo te pran mezi pou bloke aksè kèk bank Ris genyen ak sistèm peman entènasyonal ki rele SWIFT la epi mete restriksyon sou rezèv entènasyonal Bank Santral La Risi.

Gouvènman oksidantal yo lanse avètisman depi plizyè semèn pou di tansyon taka deklanche atak sibè masiv bò kote La Risi ak patizan li yo. Kèk responsab di nouvo mezi yo takapb lakoz sa fèt.

"Ap gen kèk mezi ke yo va pran kom reprezay, e mwen kwè fason ki koute mwen chè yo ka fè sa - se yon espèz de sibè-atak," Steven Schweitzer, yon responsab Swarthmore Group la, yon enstitisyon finansye deklare depi vil Nouyok.

Bank entènasyonal yo deja reprezante youn nan pi gwo sib sibè atak yo konn vize nan tan lapè, kidonk yo gen rezo pou veye, teste divès senaryo epi fouye rezo pou yo posib atak.

XS
SM
MD
LG