Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Mande Yon Seselfe ak La Risi


Lapolis Ikren nan Kyev tcheke yon machin sispek ke yo rete, nan moman envazyon La Risi a ap kontinye, 28 Fevriye 2022.
Lapolis Ikren nan Kyev tcheke yon machin sispek ke yo rete, nan moman envazyon La Risi a ap kontinye, 28 Fevriye 2022.

Ikrèn mande yon seselfe san pèdi tan ak retrè twoup Ris yo lè delegasyon li rive Lendi pou diskisyon ak la Risi. Pandansetan, Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy mande Inyon Ewopeyen an akòde peyi li dwa pou'l vinn manm blòk la tou swit.

Negosyasyon ant Ikrèn ak La Risi te tanmen sou frontyè Ikrèn pataje ak Belaris, kote biwo Prezidan Zelenskyy fè konnen Ikrèn te gen kòm reprezantan Minis Defans Olenskii Reznikov ak konseye prezidansyèl Mykhailo Pokolyak.

Zelenskyy mande pou Inyon Ewopeyen an kite'l vinn manm blòk la san pèdi tan, nan yon mesaj videyo li pibliye, kote li ankouraje twoup Ris yo tou pou yo depoze zam yo atè.

"Objektif nou se pou reyini ak tout Ewopeyen, e sak pi enpòtan, pou nou egal ego," li deklare. " se yon bagay ki jis. Se yon bagay ki posib."

Sekretè Jeneral LOTAN Jens Stoltenberg deklare li pale ak lidè Ikrenyen an nan telefon e li "felisite li pou kouraj pèp la ak fos zame Ikrèn."

XS
SM
MD
LG