Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Vatikan "Pare pou Ede" Nan Dyalòg ant Kyèv ak Moskou


Belarus Russia Ukraine War
Belarus Russia Ukraine War

Kadinal Pietro Parolin ki se nimewo 2 Vatikan an, deklare nan yon entèvyou ke Vatikan pare pou ede" nan negosyasyon ki genyen ant Larisi ak Ikrèn".

Si ta gen lòt peyi ki vin enplike nan konfli sa, se ap "yon gwo katastwòf ", e sa li jije sa tap mennen nou nan epòk "la guerre froide" la.

"Mwen rete kwè ke gen espas pou negosyasyon yo fèt. Li pa janm twò ta! Paske sèl fason rezonab ak konstriktif pou rezoud diferans yo se atravè dyalòg".

"Nou dwe evite nenpòt eskalade, sispann eklatman e al chita sou tab negosyasyon ".

Pap Francios te mande dimanch "pou zam yo sispann tire" nan Ikrèn, li mande tou pou ouvèti "ijan"ki kapab pèmet èd imanitè antre nan peyi Ikrèn " pou al ede refijye yo ki ap kouri kite kay yo akoz envazyon Ris yo nan peyi a.

XS
SM
MD
LG