Accessibility links

Breaking News

Vladimir Putin di minis defans ris la pou l mete fòs nikleyè yo nan yon "rejim espesyal pou konba"


Putin
Putin

LaRisi mete fòs nikleyè defans pou dekouraje atak lennmi ann eta dalèt anvan yon sesyon espesyal Asanble Jeneral Nasyon Zini jodi lendi a ki mande pou ogmante presyon diplomatik sou Moskou poutèt envazyon li fè nan Ikrèn nan.

Prezidan Vladimir Putin di minis defans ris la pou l mete fòs nikleyè yo nan yon "rejim espesyal pou konba" dimanch, kote li di ke prensipal pwisans l-OTAN yo te fè "deklarasyon agresif" e enpoze sanksyon finansye akoz envazyon li nan Ikrèn.

Apre yon vòt pou yon sesyon espesyal l-ONU, bagay ki pa fèt fasil, Anbasadè Etazini Linda Thomas-Greenfield deklare LaRisi - n-ap site - "pa anba okenn menas l-OTAN, yon alyans pou defans ki pa pwal batay nan Ikrèn. Sa se moute tansyon an ankò epi yon etap ki pa nesesè ki menase nou tout. Nou ekzòte LaRisi pou l bese ton pawòl danjre li yo sou kesyon zam nikleyè." Fen sitasyon

LaRisi vote kont sesyon espesyal Asanble Jeneral l-ONU an ki gen 193 manm, men li pa te ka ekzèse pouvwa veto sou vot pou prensip la. LaChin, Emira Arab Ini ak End pa vote.

Pou eksplike poukisa LaChin pa vote-a, anbasadè-li nan l-ONU Zhang Jun di Peken kwè ke prensipal priyorite a kounye-a pou tout pati yo se mete dlo nan diven nou pou anpeche sityasyon an vin pi grav.

XS
SM
MD
LG