Accessibility links

Breaking News

Lidè Ikrèn Lanse Apèl pou Moun Rete Kalm


Yon solda tcheke mitrayet li nan yon abri ki sitye sou teritwa militan pwo-Ris yo kontwole sou frontye Ikren nan, 25 Janvye 2022.
Yon solda tcheke mitrayet li nan yon abri ki sitye sou teritwa militan pwo-Ris yo kontwole sou frontye Ikren nan, 25 Janvye 2022.

Lidè Ikrèn yo ap eseye rasire peyi yo ke envazyon yo krenn La Risi pral fè a pa yon menas pou kounyea. Komantè sa yo fèt malgre lidè yo admèt la Risi reprezante yon veritab menas e ke peyi a resevwa yon kagezon ekipman militè Ameriken pou kore fòs defans li.

La Risi demanti lap planifye yon atak. Sepandan li gonfle yon afè 100,000 twoup tou pre frontyè Ikrèn nan pandan semèn ki pase yo. Sa te lakoz Etazini ak alye li yo nan LOTAN kouri fè preparasyon pou yon gè posib.

Plizyè seri negosyasyon diplomatik nan wo nivo pa resi jwenn yon solisyon. LOTAN fè konnen lap kore sistèm defans li nan Lanmè Balt la, epi Etazini pase lòd bay 8,500 twoup Ameriken pou yo rete ann eta d'alèt.

XS
SM
MD
LG