Accessibility links

Breaking News

Etazini Mete 8,500 Twoup ann Eta d'Alèt Pandan Tansyon ak La Risi ap Ogmante


Pot pawol Pantagonn nan, John Kirby pale pandan yon rankont ak lapres nan Washington, Lendi 24 Janvye 2022.
Pot pawol Pantagonn nan, John Kirby pale pandan yon rankont ak lapres nan Washington, Lendi 24 Janvye 2022.

Pantagon di Sekretè Defans Lloyd Austin mete 8,500 twoup Ameriken ann eta d'alèt, pou yo ka pare pou deplwaye si nesesè pou rasire alye Etazini yo nan LOTAN (Trete Atlantik Nò a) fas ak zak agresyon La Risi yo sou frontyè Ikrèn.

Sekretè de Près Pantagon nan, John Kirby dekklare Lendi, pa gen okenn desizyon final ki pran sou kestyon deplwaman an. Li di lòd sa a ki bay jodia, gen kom bi pou rasire alye yo ke Etazini pare pou reponn si LOTAN deside deplwaye fòs repons li a.

"Se yon kestyon de rasire alye LOTAN nou yo," Kirby di manm laprès yo.

XS
SM
MD
LG