Accessibility links

Breaking News

Lidè G20 yo Pa Pran Angajman Fèm Sou Chanjman Klimatik, Netralite Karbòn


Lidè G20 yo poze pou yon foto devan fontèn Trevi a nan vil Wòm ann Itali, 21 Oct. 2021.
Lidè G20 yo poze pou yon foto devan fontèn Trevi a nan vil Wòm ann Itali, 21 Oct. 2021.

Lidè pi gran peyi endustriyalize yo pran angajman ki pa finn twò djanm pou atenn netralite karbòn "anvan oubyen vè mitan syèk la" nan moman yo mete fen nan yon rankont o somè 2 jou.

Rankont Gwoup dè 20 an nan vil Wòm - pare teren an pou rankont o somè Nasyonzuni òganize nan vil Glasgow nan peyi Ekòs, kap louvri jodi Dimanch la.

Kominike final la di lidè G20 yo antann yo tou pou sispann finanse konpayi enèjetik ki baze sou karbòn e ki vann enèji sa a ak peyi etranje.

Sepandan, yo fè pa la Chin ak End - 2 nan peyi ki responsab pou pi fò polisyon nan mond lan - paske yo pa fikse okenn dat limit pou sispann konplètman fabrike enèji a baz karbòn.

San okenn angajman fèm, jefò pou pi gwo diskisyon sou koze sa a nan vil Glasgow ka pèdi elan.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG