Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Biden nan Vil Wòm ak Prezidan Emmanuel Macon e P. M. Mario Draghi


Prezidan Joe Biden (a goch) ki t ap bay lanmen avèk Prezidan Emmanuel Macron pandan rankont yo nan La Villa Bonaparte nan Wòm, Itali, vandredi 29 oktòb 2021.
Prezidan Joe Biden (a goch) ki t ap bay lanmen avèk Prezidan Emmanuel Macron pandan rankont yo nan La Villa Bonaparte nan Wòm, Itali, vandredi 29 oktòb 2021.

Prezidan ameriken an rankontre tou ak Premye Minis italyen an, Mario Draghi, epi Prezidan franse a Emmanuel Macron. Pandan M. Biden nan Wom nan, l ap asiste Somè G-20 an pou ane 2021 an; ansuit li prale Glasgow, nan Lekòs, kote li va patisipe nan Konferans l ONU sou Chanjman Klimatik yo, COP26.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, tanmen, nan jounen vandredi 29 oktòb 2021 an, yon toune sou kontinan ewopeyen an avek yon vizit nan vil Wòm, kapital Itali, kote li fe yon rankont 1nèdtan avèk Pap Franswa. Daprè yon nòt ki sèòti nan La Mezon Balnch, sete yon rankont a la fwa pèsonèl e politik.

Apre Prezidan Biden te fin wè ak Souvren Pontif la, li rankontre tou avèk 2 lidè ewopeyen: Premye Minis italyen an, Mario Draghi, avek Prezidan franse a Emmanuel Macron. Pandan premye mandatè ameriken an nan vil etènel la, l ap asiste Somè G-20 an, edisyon 2021 an; ansuit li prale nan vil Glasgow, nan Peyi Lekòs, kote li va patisipe nan Konferans Nasyon Zini sou Chanjman Klimatik yo (COP26).

Klike sou video ki pi ba a pou w gen plis detay avek Lyonel Desmarattes.

Vwayaj Prezidan Biden sou kontinan ewopeyen an
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:04 0:00

XS
SM
MD
LG