Accessibility links

Breaking News

Rankont o Somè G20 an Tanmen nan Wòm ak Aksan Sou Chanjman Klimatik, Pandemi COVID-19 la


Prezidan Joe Biden a goch, poze pou yon foto ansanm ak l òt lidè G20 yo nan sant konferans La Nuvola a nan vil Wòm ann Itali, Samdi 30 Oct. 2021.
Prezidan Joe Biden a goch, poze pou yon foto ansanm ak l òt lidè G20 yo nan sant konferans La Nuvola a nan vil Wòm ann Itali, Samdi 30 Oct. 2021.

Rankont o somè G20 a tanmen nan vil Wòm nan peyi Itali Samdi, kote lidè pi gwo peyi endustryalize yo te diskite sou kestyon ki konsène yo tout - tankou pa egzanp, pandemi a epi chanjman klimatik.

Yo woule tapi wouj la nan sant konvansyon La Nuvola a nan Wòm, kote Premye Minis Italyen an, Mario Draghi te akeyi Prezidan Etazuni Joe Biden, ak lòt lidè mondyal yo pandan yo tap respekte pwotokòl ki an plas pou pwoteje sante moun akoz pandemi COVID-19 la.

Rankont o somè sa a se premye fwa lidè yo ap rankontre fas-a-fas depi 2 zan. Fwa pase a, rankont o somè a te fèt an liy e se Arabi Saoudit ki te oganize'l. Moun te ka remake absans Prezidan Rus la, Vladimir Putin, Prezidan Chinwa a Xi Jinping, ak Prezidan Meksiken an Andrés Manuel López Obrador. Yo va asiste somè a virtyelman e yo site kè sote yo genyen pou yo pa trape COVID-19 kòm rezon ki fè yo deside rete lakay yo.

Vandredi, minis finans ak sante piblik G20 yo te pibliye yon kominike kote yo pran angajman pou kontwole pandemi a toupatou, pi vit posib. Yo di G20 an pral pran tout mezi ki nesesè pou atenn objektif global ki se vaksinen omwens 40% popilasyon an nan tout peyi nan mond lan anvan fen ane 2021 an. Yo fikse kom objektif tou pou yo vaksinen 70% popilasyon an anvan mitan ane 2022, jan Oganizasyon Mondyal la Sante rekomande pou fè'l la.


Ou ka li vèsyon orijinal nouvèl sa a, ke korespondan Lamezonblanch VOA Patsy Widakuswara ekri sou voanews.com

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG