Accessibility links

Breaking News

Lapolis Nouyòk Arete Sispèk yo Tap Chache an Koneksyon ak Atak Brooklyn nan


Polisye Nouyok mete menot nan men sispek nan fiziyad stasyon tren Brooklyn nan, Frank R. James, 62 zan ke yo arete nan seksyon Greenwich Village vil la, Mekredi 13 Avril, 2022.
Polisye Nouyok mete menot nan men sispek nan fiziyad stasyon tren Brooklyn nan, Frank R. James, 62 zan ke yo arete nan seksyon Greenwich Village vil la, Mekredi 13 Avril, 2022.

Otorite vil Nouyòk yo arete yon nèg yo tap chache an koneksyon ak yon atak kont yon stasyon tren nan Brooklyn ki lakoz 10 moun blese pa bal.

Anketè yo te anonse Madi apremidi ke yo tap chache yon nèg ki rele Frank R. James, ke yo kwè lwe yon kamyonèt ke yo konekte ak zak vyolans la.

Foto sa a, ke Depatman Lapolis Nouyok la montre yon afich ki gen foto Frank R. James, neg yo idantifye kom moun ki konekte ak atak kont stasyon tren Brooklyn nan, Madi 12 Avril 2022.
Foto sa a, ke Depatman Lapolis Nouyok la montre yon afich ki gen foto Frank R. James, neg yo idantifye kom moun ki konekte ak atak kont stasyon tren Brooklyn nan, Madi 12 Avril 2022.

Mèkredi maten, otorite Nouyòk yo te bay non misye kom sispèk la.

Yo mete James anba kòd Mèkredi apremidi nan Manhattan. Otorite yo tap egzaminen videyo misye pibliye sou rezo sosyal yo kote sispèk la ki gen 62 zan, te dekri Etazini tankou yon kote ki rasis, chaje ak zak vyolans epi li te joure majistra vil la.

XS
SM
MD
LG