Accessibility links

Breaking News

Lapolis Nouyòk ap Chache Bandi ak Zam ki Blese 10 Moun nan yon Atak Kont yon Stasyon Tren nan Brooklyn


Lapolis fe patwouy nan yon stasyon tren nan Nouyok, Madi 12 Avril 2022.
Lapolis fe patwouy nan yon stasyon tren nan Nouyok, Madi 12 Avril 2022.

Lapolis kontinye chache Mekredi bandi ki louvri zam sou yon stasyon tren sou-teren nan Brooklyn.

Atak la Madi maten, te lakoz 10 moun te blese pa bal, e li boulvèse gran vil Ameriken sa a ki deja ap redi pou'l reprann ni apre pandemi kowonaviris la.

Majistra Eric Adams deklare Mekredi ke responsab yo ap chache yon nèg ki rele Frank R. James, 62 zan, ki se sisèk yo sible an koneksyon ak atak la.

Foto sa a, ke Depatman Lapolis Nouyok la montre yon afich ki gen foto Frank R. James, neg yo idantifye kom moun ki konekte ak atak kont stasyon tren Brooklyn nan, Madi 12 Avril 2022.
Foto sa a, ke Depatman Lapolis Nouyok la montre yon afich ki gen foto Frank R. James, neg yo idantifye kom moun ki konekte ak atak kont stasyon tren Brooklyn nan, Madi 12 Avril 2022.

Nan komansman Otorite yo te idantifye James tankou yon "moun d'enterè". Lapolis kwè James lwe yon kamyonèt ki kapab konekte ak atak la.

Otorite yo ap egzaminen videyo moun pibliye sou rezo sosyal yo kote mouche sa a te kritike Lèzetazini kòm peyi rasis, ki chaje ak zak vyolans, e nan kèk videyo li joure Majistra Adams.

XS
SM
MD
LG