Accessibility links

Breaking News

Yon Moun Louvri Zam sou Stasyon Tren Brooklyn, Omwens 11 Moun Blese


Polisye vil Nouyok rasanble nan antre yon stasyon tren nan Brooklyn, Nouyok Madi 12 Avril 2022.
Polisye vil Nouyok rasanble nan antre yon stasyon tren nan Brooklyn, Nouyok Madi 12 Avril 2022.

Lapolis nan Nouyòk ap chache yon gason ke yo sispèk ranpli yon tren ak lafimen epi tire plizye moun Madi. Misye kite sitwayen ki tap senyen nan yon stasyon tren nan Brooklyn tandiske gen lòt ki te kouri epi rele.

Otorite yo di gen omwens 5 moun ki blese pa bal e omwens 11 lòt blese nan atak ki fèt nan stasyon 36em Avni an ki sitye nan katye Sunset Park Brooklyn nan.

Dapre plizye polisye ki ranseye sou ankèt la, enfòmasyon prelimine yo endike sispèk la te gen sou li yon vès konstriksyon ak yon mask anti-gaz. Okenn lòt detay pa disponib pou kounyea.

Sèvis tren an ralanti.

XS
SM
MD
LG