Accessibility links

Breaking News

Lapolis Kanada Dispèse Manifestan Devan Palman an


Lapolis pran dispozisyon pou dispese manifestan yo anba lavil Ottawa tou pre Palman an, Samdi 19 Fevriye 2022.
Lapolis pran dispozisyon pou dispese manifestan yo anba lavil Ottawa tou pre Palman an, Samdi 19 Fevriye 2022.

Lapolis te aji yon fason agresiv pou dispèse manifestan ki te bloke yon ri devan Palman an. Se konsa yo pran kontwòl kamyon yo epi debloke wout la.

Plizyè kamyon te pati kite zòn nan e sa ogmante espwa otorite yo genyen pou manifestasyon kap dewoule depi 3 semèn pou pwoteste kont restriksyon COVID-19 yo va pran fen.

Inite espesyalize lapolis te kouvri anpil teritwa Samdi nan moman manifestan yo tap fè fas ak pi gwo aksyon lapolis poze nan listwa peyi Kanada. Yo voye chache polisye toupatou nan peyi a pou ede ak operasyon sa a.

Vè midi Samdi, oganizatè manifestasyon an te deklare yo mande chofè kamyon yo kite zòn Palman an.

Lapolis arete omwens 147 moun Samdi - pi fò pami yo akize dèske yo se machann dezagreman. Gen prèske 24 machin ke yo remòke - pami yo sa yo ki tap bloke prensipal ri vil la.

XS
SM
MD
LG