Accessibility links

Breaking News

O Kanada, Chofè Gwo Kamyon yo Ap Kenbe Fèm Malgre Menas Lapolis


Canada Truck Protesters
Canada Truck Protesters

OTTAWA, Ontario (AP) – Plizyè santèn chofè gwo kamyon bloke lari yo nan kapital Kanada a, Ottawa, pou yo pwoteste kont restriksyon otorite yo enpoze akoz pandemi KOVID-19 la.

Yo di yo pa p fè yon pa kita, yon pa nago e yo menm pare pou yon operasyon lapolis ta lanse kont yo. Konfwontasyon sila a, ki la depi prèske 3 semèn deja nan Ottawa, sanble sou wout pou l vin pi grav toujou, apre kèk bis chaje ak polisye te debake tou pre Kolin Palman an.

Chèf polis pwovizwa vil la fè konnen chèf delòd yo pral pase alaksyon anvan lontan.

Manifestan okipe kapital la depi preske 3 mwa nan kad yon demonstrasyon ki jete vèni sou repitasyon Kanada kòm yon peyi kote moun yo janti e yo respekte lalwa.

Lapolis poze 3 arestasyon sèlman nan kòmansman sware jedi a nan zòn Kolin Palman an; sepandan polisye yo pa p fonse avèk fòs sou manifestan yo.

XS
SM
MD
LG