Accessibility links

Breaking News

Lapolis Kanadyen Arete Manifestan ki te sou Pon Ameriken-Kanadyen an


Manifestan Kanadyen kont restriksyon COVID-19 yo, nan vil Windsor, Ontario, Canada, 12 Fevriye 2022.
Manifestan Kanadyen kont restriksyon COVID-19 yo, nan vil Windsor, Ontario, Canada, 12 Fevriye 2022.

Lapolis dispèse epi arete rès manifestan ki te rasanble sou pos frontyè Etazini-Kanada kote ki gen plis aktivite a, pou mete fen nan yon manifestasyon anti-restriksyon COVID-19 ki gen move konsekans sou ekonomi tou 2 peyi yo.

Sepandan yo pa sere boulon manifestan ki pran lari nan kapital Ottawa a kote lapolis lokal ak nasyonal tabli yon pos komann konjwen.

Manifestan yo paralize aktivite anba lavil yo, sa ki vekse moun ki rete nan vil la e ki bouke ak le fèt ke lapolis pa fen anyen. Sitwayen sa yo ap mete presyon sou Premye Minis Justin Trudeau kounyea pou'l fè yon jan.

Lapolis vil Windsor di yo arete plizyè moun epi remoke machin ki te pakin ko yo tou pre pon Ambassador la, ki konekte vil Detroit ak faktori Kanadyen ki fè pyès rechanj pou machin yo.

XS
SM
MD
LG