Accessibility links

Breaking News

Etazini Ankouraje Kanada Sèvi ak Pouvwa Federal pou Mete Fen nan Blokis Pon an


Yon manifestan kanpe devan yon gwoup kamyon nan Otawa, Kanada, 3 Fevriye 2022.
Yon manifestan kanpe devan yon gwoup kamyon nan Otawa, Kanada, 3 Fevriye 2022.

Administrasyon Biden nan ankouraje Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau pou'l sevi ak pouvwa federal li pou mete fen nan blokis chofè kamyon Kanadyen yo ap fè pou manifeste kont restriksyon COVID-19 yo.

Blokis sa a sere boulon endistri otomobil la, e sa fòse konpayi Ford, General Motors ak lot konpayi oto fèmen faktori yo oubyen ralanti sou pwodiksyon yo sou 2 bò frontyè Etazini-Kanada a.

Blokis la antre nan 4em jounen li Jedi sou pon Ambassador la ki konekte vil Windsor nan Ontario ak Detroit.

Blokis la bloke livrezon pyès otomobil ak lòt pwodwi sou frontyè a tou.

XS
SM
MD
LG