Accessibility links

Breaking News

Kanada: Manifestasyon Kont Mezi Sanitè yo


CANADA-HEALTH-VIRUS-VACCINES-PROTEST
CANADA-HEALTH-VIRUS-VACCINES-PROTEST

Ottawa, Toronto, Quebec: Opozan kont mezi sanitè nan Kanada, te òganize yon manifestasyon Samdi pou mande otorite yo leve restriksyon sanitè yo te mete pou anpeche pwopagasyon maladi COVID-19 la.

Manifestasyon sa a, fè pati yon mouvman ke chofè kamyon yo te òganize, yo gen 8 jou, depi yo ap manifeste nan lari a devan Palman an ak devan biwo Premye Minis Justin Trudeau, e yo gen plizyè douzèn kamyon ke yo mete nan mitan lari a.

Nan yon gwo fredi, ak yon tanperati ki desann nan -30 °C, manifestan yo te rasanble ak drapo Kanadyen nan men yo e gen nan yo ki te gen drapo Nazi tou.

Gen plizyè nan yo ki te kòmanse mete abri pwovizwa nan lari a epi yo deklare yo pap deplase jiskaske restriksyon yo pa leve.

XS
SM
MD
LG