Kyev —
Otorite Ikrenyen yo di lame Ris la lanse atak kont katye rezidansyèl yo toupatou nan peyi a. Yo di tou, ke solda Ikrenyen yo frape dènye pon ki te an fonksyon sou yon rivyè nan sid peyi a ke La Risi okipe, e sa andomaje kapasite Ris yo genyen pou yo apwovizyone lame Ris la.
Majistra vil Kramatorsk nan ès Ikrèn di yon atak ak obi Ris touye 3 moun e blese 13 lot Vandredi swa.
Pi lwen nan wès la, yon gouvènè rapòte La Risi lanse atak kont yon vil ki pa twò lwen ak pi gwo santral nikleyè ann Ewop la.
Sèvis ransèyman Ikrenyen an di twoup Ris yo atake santral nikleyè a.
Ministè Defans Ris la pandansetan, deklare Samdi twoup li yo pran kontwòl yon vilaj ki sitye andeyò vil Donetsk nan ès la.