Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 14 Moun Pèdi Lavi Yo Nan yon Atak Toupre Santral Nikleyè Zaporizhia


La vida en medio de la guerra para los residentes de Zaporizhia, Ucrania 066A2266
La vida en medio de la guerra para los residentes de Zaporizhia, Ucrania 066A2266

Yon Atak nan mitan lannwit soti madi pou rive mèkredi toupre santral nikleyè Zaporizhia te koze lanmò 14 moun.

E nan rejyon basen Donbass la, gen omwen 6 moun ki mouri tou e 3 lòt soti blese Mèkredi nan yon atak ke Ris yo te fé sou vil Bakhmout.

Ministè Defans Britanik la te deklare Mèkredi: ke "Kòmandan Ris yo toujou rete atache ak priyorite yo genyen ki ranfòse ofansif yo nan rejyon Donbass e ranfòse defans yo kont tout kont atak antisipe ke soldà Ikrenyen yo te ka lanse kont yo.

Pou kontinye ak envazyon li a, "Larisi sètènman fòme yon nouvo fòmasyon ki se, 3yèm Kò Lame a", ki baze nan rejyon Nizhny Novgorod, yon kò sa gen ladann l tou "volontè", se deklarasyon sa yo ministé defans peyi a te fè mèkredi .

XS
SM
MD
LG