Accessibility links

Breaking News

Moskou Refize pou Diplomat Swis yo Reprezante Ikrèn nan Larisi


RUSSIA-PUTIN/
RUSSIA-PUTIN/

Larisi anonse Jedi ke li te refize bay diplomat Swis otorizasyon pou yo reprezante Kyev diplomatikman sou teritwa Ris la. Dapre yo, Bern paka jwe wòl sa paske li "pèdi estati net li" lè li te sanksyone Moskou pou operasyon militè li te lanse kont Ikrèn.

Mèkredi, Minis Afè Etranjè Swis la te anonse ke Ikrèn te vle Swis reprezante enterè li nan Larisi.

"Malerezman, Swis te pèdi estati li kòm yon eta net epi li pa ka aji ni kòm yon medyatè oswa kòm yon reprezantan nan enterè ikrèn" se sa pòtpawòl pou diplomasi Ris, Ivan Nechayev, te di repòtè yo Jedi.

Li konfime ke Swis te mande apwobasyon Moskou pou reprezante enterè Ikrenyen nan peyi a .

Men, li denonse sipò Bern bay Kyev ak sanksyon Swis yo mete an plas kont Larisi poutèt envazyon Ris la nan Ikrèn.

"Li konplètman enkonpreyansib yo ofri medyasyon, reprezantasyon oswa lòt sèvis bòn volonte lè yon moun konpòte yo nan fason sa a," Nechayev te ajoute.

Lè 2 Eta kraze relasyon yo nèt oswa pasyèlman, Swis, ki pwofite netralite li, abitye pran yon pati nan travay diplomatik oswa konsila yo.

XS
SM
MD
LG