Accessibility links

Breaking News

La Kwa Wouj ap Redi pou Wè Prizon kote Prizonye de Gè Ikrenyen yo Mouri


Prizon sa a ki detwi nan yon atak La Risi nan es Ikren sitye nan Olenivka, yon zon separatis ke La Risi apiye kontwole nan Ikren.
Prizon sa a ki detwi nan yon atak La Risi nan es Ikren sitye nan Olenivka, yon zon separatis ke La Risi apiye kontwole nan Ikren.

Komite Entènasyonal La Kwa Wouj mande aksè a yon prizon kote plizyè douzèn prizonye de gè Ikrenyen te mouri nan yon atak ak obi.

Sepandan, ajans la di Samdi yo poko akode demann li.

Responsab Ris ak Ikrenyen yo ap twoke blam pou lanmo prizonye yo Vandredi, nan yon rejyon nan ès Ikrèn ke separatis yo kontwole.

Tou le 2 peyi yo di atak la fèt pou kache fèy kouvri atwosite ki komèt andedan prizon an.

Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy dekri atak la tankou yon asasina.

La Risi Samdi pibliye non 48 prizoye lagè Ikrenyen ki mouri nan atak la.

Fanmi prizonye Ikrenyen yo te manifeste nan vil Kyèv e yo mande pou deklare La Risi yon eta teworis.

XS
SM
MD
LG