Accessibility links

Breaking News

Lame Ris la Lanse Plizyè Misil Sou Divès Rejyon nan Ikrèn

FILE - A Russian soldier guards a pier with the grain storage in the background at an area of the Mariupol Sea Port which has recently started its work after heavy fighting in Mariupol, on the territory which is under the Government of the Donetsk People'

Plizyè atak misil pwisan ris frape plizyè rejyon nan Ikrèn, pami yo sant, sid ak nò peyi a edi.

Dapre bilan otorite yo bay, genyen omwen 5 moun ki pèdi lavi yo nan atak sa yo ak 25 lòt ki blese. Pami viktim yo gen sòlda Ikrenyen, dapre sa gouvènè rejyonal la anonse. Li di ris yo lanse atak tou atak sou angar nan Kropyvnytskyi (sant), ki a apeprè 300 kilomèt Kyèv.

Atak misil sa yo te andomaje "ekipman militè", te gen tou avyon sivil ak avyon fòmasyon, epi lòt bilding ki te tou pre ki detwi.

Lòt bonbadman ki fèt ak lans wòkèt te vize rejyon Cherniguiv ki nan nò Ikrèn. Misil sa yo se nan peyi Byelorisi, yon alye Moskou yo te lanse.

Prezidan Volodymyr Zelenskyy te di sou Telegram"Maten an bagay yo te cho nan plizyè rejyon nan peyi a akòz atak misil sa yo. Mwen asire nou ke Kyèv pa pral rann tèt li bay La Risi e nou pa bay vag".

XS
SM
MD
LG