Accessibility links

Breaking News

KOVID-19/USA : Nouvo Gid CDC sou Itilizasyon Mas pou Moun Pwoteje Tèt yo


Travayè medikal ak abiman ki pwoteje yo lè yap swaye moun ki enfekte ak KOVID-19 nan.
Travayè medikal ak abiman ki pwoteje yo lè yap swaye moun ki enfekte ak KOVID-19 nan.

“Nouvo direktiv CDC (Sant Ameriken pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon) genyen sou fason pou moun kouvri figi yo e mete mas pou pwoteje tèt yo kont maladi a, pral disponib nan jou kap vini la yo.”

Se deklarasyon Vis Prezidan Mike Pence fè nan jounen jedi 2 avril la nan pwendprès ekip espesyal La Mezon Blanch fòme pou jere lit kont KOVID-19 la bay chak jou nan vil Washington DC. Prezidan Donald Trump, ki te prezan nan rankont sa a ak laprès e ki bay opinyon pèsonèl li sou direktiv yo, fè konnen bò kote pa l:

“Mwen pa kwè itlizasyon mas yo pral obligatwa. Moun yo va sèvi avèk yo si yo vle.”

Prezidan an pale konsa paske li panse senp sitwayen yo kapab vle mete mouchwa oubyen lòt twal sou figi yo pou yo pwoteje tèt yo kont KOVID-19 la, olye yo sèvi ak ti aparèy respiratwa yo, paske pwofesyonèl lasante yo ki devan nan konba kont kowonaviris la bezwen ti aparèy sa yo anpil e pa genyen ase. Lidè ameriken an ensiste pou l di mas sou figi kapab jwe yon gwo wòl nan efò kont pwopagasyon maladi a.

Doktè Deborah Birx, kowòdonatris ekip espesyal sou kowonaviris la, di moun yo dwe fèt atansyon! Pinga yo genyen “yon fo sansasyon de sekirite” epi konprann yo pwoteje kont maladi a paske tou senpleman yo mete mas nan figi yo. Sa ki pi enpòtan an, dapre li, se pou chak moun pran yon distans 6 pa ak lòt moun ki bò kote yo an piblik epi pou yo lave men yo tout tan. Konsese wo-plase La Mezon Blanch, Jered Kushner, li-menm, fè konnen gouvènman federal la pral voye nan lopital piblik yo nan Eta New York yon sistèm apwovizyonman de 200 mil mas pwotektè N-95 (donk trè modèn) pou pwofesyonèl lasante yo itilize pandan mwa k ap vini la a.

Bò kote pa l, lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer (Demokrat New York) lanse yon apèl bay administrasyon Trump la pou mande l nonmen yon ofisye militè wo-plase kòm“bawon”, kòm alatèt operasyon pwodiksyon ak distribisyon ekipman medikal lopital yo bezwen dezespereman nan peyi a. Nan yon mesaj Misye Schumer voye bay Prezidan an, li deklare:

“Lèzetazini pa kapab konte sèlman sou yon travay kole-pyese ak efò k ap fèt san kowòdinasyon pou l konbat gwo dimansyon efrayik pandemi sa a. Li lè, li tan pou administrasyon w nan deziye yon ofisye militè wo-grade pou rezoud pwoblèm ijan sa a.”

XS
SM
MD
LG