Accessibility links

Breaking News

Konpayi Pwodui Famasetik Ameriken Johnson & Johnson sou Wout pou L "Dekouvri yon Vaksen Kont KOVID-19"


Foto viris COVID 19 nan
Foto viris COVID 19 nan

Ozetazini, responsab konpayi pwodui famasetik Johnson & Johnson, ki t ap pale ak laprès lendi 30 mas 2020 an, anonse yo pran angajman pou yo envesti yon milya dola nan devlopman ak tès yon vaksen an kolaborasyon avèk Depatman Sante Piblik ameriken an. Yo ajoute:

“Si tès vaksen an ki fèt sou kretyen-vivan bay bon rezilta, konpayi an prepare pou l pwodui plis pase yon milya dòz.”

Johnson & Johnson ajoute li prevwa premye echantiyon vaksen an kapab pare pou itilizasyon an ka dijans vè kòmansman ane 2021. Prezidan Direktè Jeneral konpayi a, Alex Gorsky --ki t ap pale ak chèn televizyoon NBC nan pwogram “Today”, deklare premye endikasyoon ki sòti nan rechèch yo montre gen anpil chans pou vaksen eksperimantal la bay bon rezilta, sètadi li byen kapab efikas sou kretyen vivan. Misye Gorsky ajoute:

“Nou genyen la a yon vaksen ki byen plase pou l bay bon jan rezilta kont maladi KOVID-19 la. Nou gen yon kapasite pwodiksyon ki ka pèmèt nou fin prepare vaksen an nan yon peryòd de tan relativman kout.”

Alex Gorsky fini pa di Johnson & Johnson ap fè planifikasyon pou l ogmante pwodiksyon vaksen an nan semèn k ap vin la yo; objektif la se pou konpayi an genyen plizyè santèn milyon doz disponib vè mitan ane pwochèn nan epi yon milya dòz vè fen ane 2021.

XS
SM
MD
LG