Accessibility links

Breaking News

PrezidanTrump di "Madichon Tèrib" ki Rele Kowonaviris la Pral Kontinye Koze Lanmò Ozetazini."


Prezidan Donald Trump ki t ap bay yon pwendeprès sou kowonavirisla Ozetazini nan La Mezoon Blanch lendi 30 mas 2020 an.
Prezidan Donald Trump ki t ap bay yon pwendeprès sou kowonavirisla Ozetazini nan La Mezoon Blanch lendi 30 mas 2020 an.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki t ap pale nan kòmansman jounen lendi 30 mas 2020 a sou naten chen televizyon “Fox & Friends Show, deklare li konsidere “maladi kowonaviris la kom “yon fleo terib” ki pral debouche sou yon gwo ogmantasyon kantite moun k ap mouri Ozetazini nan jou ak semèn k ap vini la yo.

Yon ti moman apre Prezidan an te lanse apèl bay tout ameriken pou l mande yo kontinye obsève distans sosyal la rive jous nan dat 30 avril pwochen an, li di “pral genyen yon gwo monte nan kantite mò yo epi, apre sa, chif la pral desann; lè sa a se va yon bon jou. Vè premye jen pwochen nou panse kantite mò yo pral bese.”Li ajoute:

“Pa gen yon moun ki genyen kèsote pou peyi a plis pase m,”nan moman espesysalis lasante yo prevwa 100 mil moun ou plis toujou byen kapab pèdi lavi yo anba pan demi kowonaviris la, swa 50 fwa plis pase kantite yo anrejistre jounen jodi a, swa 2 mil 400. Dapre Misye Trump toujou,“si nou pa t fèmen peyi a”pou n kontinye pratike distans sosyal la epi limite kantite moun ki ka reyini yon sèl kote a 10, kantite mò yo te byen kapab monte rive 2 milyon 200 mil.”

Elikoptè Gad Nasyonal Lezetazini ki t ap vole sou tèt bato-lopital USS Comfort pandan li t ap antre nan pò New York la dimanch 29 mas 2020.
Elikoptè Gad Nasyonal Lezetazini ki t ap vole sou tèt bato-lopital USS Comfort pandan li t ap antre nan pò New York la dimanch 29 mas 2020.

Prezidan Trump kontinye:

“Nou te vle fè yon bagay pou milite kantite mò yo le plis posib. Se yon bagay ki tris anpil; maladi sa a malouk anpil. Si nou mete fen nan restriksyon yo twò bonè, maladi a ap retounen. Pi move bagay nou kapab fè, se kriye viktwa twò bonè.”

Nan entèvyou avèk Fox & Friends”lan, Prezidan Trump fè konnen kounye a Lezetazini teste plis moun pou kowonaviris pase tout lòt peyi nan lemond. Lidè ameriken an di:“Se sa k fè nou genyen plis ka” pou kantite moun ki teste pozitif pou enfeksyoon an, swa plis pase 140 mil rive lendi 30 mas 2020 ann e chif la kontinye ogmante rapidman. Men, yon konparezon ki base sou chif per capita ap montre ke kantite moun ki teste Ozetazini yo mwens pase kantite ki teste nan peyi Kore di Sid avèk Itali.

Sepandan, Prezidan Trump fini pa di Lèzetazini genyen yon to mòtalite ki ba pa rapò ak lòt peyi –anviwon 1, 7 pou san pami tout moun ki teste pozitif pou maladi a, konpare ak chif ki preske 3 fwa plis atravè lemond nan 151 peyi kote yo jwenn pandemi an. Viris la deja touye pou le moman plis pase 34 mil moun sou planèt la.

XS
SM
MD
LG