Accessibility links

Breaking News

Etazini KOVID-19: Transfè Yon Kòmandan Militè Pou Mank Konfidansyalite


Sal koferas deprès nan Pentagon nan, Washington.
Sal koferas deprès nan Pentagon nan, Washington.

Ozetazini, otorite yon an La Marin de Gè ameriken an wete nan plas li kaptenn pòt-avyon USS Theodore Roosevelt, Brett Crosier, ki te leve lavwa pou l fè otorite yo konnen maladi kowonaviris la te eklate abò gwo bato a.

Minis pwovizwa La Marin de Gè a, Thomas Modly, ki t ap pale ak laprès nan Pentagon nan (Depatman Defans la) jedi 2 avril la, deklare Kaptenn Crozier pral gen kòm ranplasan Vis-Amiral Carlos Sardiello, yon ansyen kaptenn pot-avyon an. Minis Modly di:

“Yon lòt mantalite pi soup, pi deside e pi rezilyan nesesè ni nan wo nivo, ni nan ba nivo chèn kòmand la. Nou bezwen kòmandan ki gen bon jijman, matirite ak leadership, ki ka rete kal anba presyon dekwa pou yo byen konprann tout konsekans aksyon y ap poze nan yon konteks estratejik dinamik e elaji.”

Minis Modly ajoute li pèdi konfyans nan Kaptenn Crozier ki pral rete nan kò Marin de Gè a, dapre otorite yo.

Konsenan sitiyasyon sa a, Kelly Magsamen, vis prezidan Biwo Sekirite Nasyonal ak Politik Entènasyonal nan Sant pou Pwogrè Ameriken e yon ansyen ofisyèl wo-plase nan Pentagon nan, deklare li panse desizyon pou ranplase Kaptenn Crozier la se yon desizyon revòltan ki pa nan plas li, e li menm lanse lide pou yo ta bay kaptenn nan pwomosyon. Li ajoute:

“Se yon lòt pinisyon san jistifikasyon kont yon moun ki te leve lavwa pou l denonse yon move reyalite, menm lè li te itilize tout mwayen kòrèk pou l mete otorite yo okouran pwoblèm yo. Sa gen yon jou sèlman otorite yo nan Marin de Gè a t ap fè kaptenn nan konpliman pou aksyon li poze a. Gade jodi a yo transfere li san bon rezon nan mitan sipozisyon dèske li ta koze yon panik ki pa t nesesè.”

XS
SM
MD
LG