Accessibility links

Breaking News

Koup Wayal la Rive Bahamas


Prens William d'Anglete ak madanm ni Catherine poze pou yon foto ak Premye Minis Bahameyen an Philip Davis epi madanm ni Ann-Marie Davis pandan yon vizit nan Nassau, Bahamas, 24 Mas 2022.
Prens William d'Anglete ak madanm ni Catherine poze pou yon foto ak Premye Minis Bahameyen an Philip Davis epi madanm ni Ann-Marie Davis pandan yon vizit nan Nassau, Bahamas, 24 Mas 2022.

Prens William ak madanm ni Kate rive Bahamas Jedi pou twazyèm etap vire won yap fè nan Karayib la. Manifestasyon make vizit la kote moun nan Beliz ak Jamayik te pwoteste kont konpotman Anpir Britanik la nan listwa. Analis yo di sa montre enfliyans sistèm monarchi komanse diminye.

Prens la ak Dichès Cambridge la te fè fas ak manifestan Jamayiken ki tap mande pou Angletè peye yo pou dega esklav fè nan peyi a. Met sou sa, premye minis peyi a te deklare sanzatann ke Jamayik vle pran "endepandans" li.

Prens William ak madanm ni Catherine bay lanmen ak popilasyon vil Trench Town, vil kote mizik reggae te pran nesans, pandan yon vizit nan La Jamayik, 22 Mas, 2022.
Prens William ak madanm ni Catherine bay lanmen ak popilasyon vil Trench Town, vil kote mizik reggae te pran nesans, pandan yon vizit nan La Jamayik, 22 Mas, 2022.

Vire won koup wayal la vini apre Barbad te wetire La Rèn kom chèf deta ane pase a. Lot peyi nan Commonwealth la taka fè mèman parèyman. Jamayik deja komanse egzaminen kijan li taka fè sa - yon siyal ki endike enfliyans kiltirèl Britanik la sou ansyen koloni li yo diminye.

William ak Kate te rive nan ayeropo Entènasyonal Lynden Pindling la e Premye Minis Adjwen Chester Cooper ak Minis Jistis Ryan Pinder te sou plas pou akeyi yo.

Pandan vizit la, koup la pral vizite yon lekol primè, patisipe nan yon konpetisyon bato a vwal epi asiste yon evenman kiltirèl kote ap gen manje ak mizik tipik Bahameyen.

XS
SM
MD
LG