Accessibility links

Breaking News

Prens William d'Angletè ak Madanm ni Kate Danse ak Moun Beliz


Prens William d'Anglete danse ak yon dam nan yon ti bouk ki rele Hopkins sou kot Karayibeyen peyi Beliz, Lendi 20 Mas, 2022.
Prens William d'Anglete danse ak yon dam nan yon ti bouk ki rele Hopkins sou kot Karayibeyen peyi Beliz, Lendi 20 Mas, 2022.

Prens William d'Angletè ak madanm ni Kate, Duchès Cambridge la te bay sitwayen peyi Beliz kè kontan lè yo te danse ak yo Dimanch 20 Mas la, pandan yon vizit nan kominote Garifuna a.

Mesye dam yo ap fè yon vire won nan Karayib la.

Sitwayen yo te gade epi ri ak kè kontan pandan Prens William ak Kate tap ri epi danse pandan mizisyen tap bat tanbou epi chante. William te eseye kache figi li pou moun pa wè jan li wònt.

Beliz, ki sitye nan Amerik Santral te koni kom Ondiras Britanik jiska 1973.

Catherine, Duches Cambridge la ri pandan yap pase tan ak abitan yon ti vilaj ki rele Hopkins nan peyi Beliz nan Karayib la, 20 Mas, 2022.
Catherine, Duches Cambridge la ri pandan yap pase tan ak abitan yon ti vilaj ki rele Hopkins nan peyi Beliz nan Karayib la, 20 Mas, 2022.

Arive koup wayal la Samdi 19 Mas kowenside ak selebrasyon 70èm anivèsè Rèn Elizabeth sou twon nan, e li tonbe nan yon moman kote moun ap gade de pre kijan Grand Bretay te konpòte'l nan rejyon an nan le pase.

Vwayaj Beliz la vini prèske 4 mwa apre La Barbad te vote pou'l tounen yon repiblik, epi koupe lyen ak monarchi Britanik la pandan li rete manm peyi Commonwealth yo ke Angletè dirije.

Yon evenman yo te planifye pou koup la Dimanch maten nan vilaj Indian Creek nan sid te anile apre kèk douzèn abitan te manifeste Vandredi.

Abitan yo di yo vekse ke elikoptè koup wayal la resevwa pèmisyon pou l ateri nan sou yon teren foutbòl lokal, san yo pat konsilte yo davans.

Abitan yo dozado tou ak yon gwoup konsèvatè ke fanmi wayal la apiye pou kestyon tè.

Prens William d'Anglete ak Catherine, Duches Cambridge la ri pandan yap pase tan ak abitan yon ti vilaj ki rele Hopkins nan peyi Beliz nan Karayib la, 20 Mas, 2022.
Prens William d'Anglete ak Catherine, Duches Cambridge la ri pandan yap pase tan ak abitan yon ti vilaj ki rele Hopkins nan peyi Beliz nan Karayib la, 20 Mas, 2022.

Olye de sa, koup wayal la te patisipe nan toune Chokola Che'il Maya a, ke yon biznis lokal te òganize.

Prens la ak dichès la pral rete nan Beliz jiska Madi 22 Mas, lè yo va pran avyon pou y al vizite La Jamayik ak Bahamas.

XS
SM
MD
LG