Accessibility links

Breaking News

Jamayiken Pwoteste Kont Vizit Wayal la, Mande Reparasyon pou Esklavaj


Prens William d'Anglete ak Catherine, Duches Cambridge la ri pandan yap pase tan ak abitan yon ti vilaj ki rele Hopkins nan peyi Beliz nan Karayib la, 20 Mas, 2022.
Prens William d'Anglete ak Catherine, Duches Cambridge la ri pandan yap pase tan ak abitan yon ti vilaj ki rele Hopkins nan peyi Beliz nan Karayib la, 20 Mas, 2022.

Plizyè douzèn lidè byen koni nan Jamayik - pami yo pwofesè ak politisyen mande pou Angletè prezante ekskiz li epi bay reparasyon pou esklavaj, nan moman Prens William ak madanm ni Kate, Duchès Cambridge la ap fè preprasyon pou yo vinn vizite zile a, ki se yon ansyen koloni Britanik.

Gwoup la rejte vizit Prens William nan, ki fikse pou Madi, nan kad yon vire won rejyonal ki kowenside ak 70èm anivèsè kowonasyon Rèn Elizabeth II a.

Vizit la, kap dire yon semèn vize ranfose lyen ant La Grand Bretay ak peyi Commonwealth yo, men li komanse anba kèk pwoblèm nan peyi ki anvizaje koupe lyen yo ak monarchy a menm jan zile Barbad te fè sa, nan mwad Novanm 2021.

XS
SM
MD
LG