Accessibility links

Breaking News

PM Jamayik la di Koup Wayal la Zile a Pral Chache pran Endepandans li


Prens William d'Anglete pale ak Premye Minis Jamayiken Andrew Holness ak Gouvene Jeneral Jamayik la Patrick Allen pandan yon dine nan Kingston, Jamayik, 23 Mas 2022.
Prens William d'Anglete pale ak Premye Minis Jamayiken Andrew Holness ak Gouvene Jeneral Jamayik la Patrick Allen pandan yon dine nan Kingston, Jamayik, 23 Mas 2022.

Premye Minis Jamayiken an Andrew Holness di Prens William ak Kate ke commonwealth Britanik la gen entansyon vin konpletman endepandan, nan yon anons sanzatann li fè nan moman gen lot peyi ki konsidere koupe lyen ak monarchy a.

Holness fè remake tou ke gen kestyon ki "poko rezoud" lè li tap akeyi Prens William ak Kate devan yon gwoup jounalis Mekredi.

Ansyen koloni Britanik la ta tounen sèlman dezyèm zile nan Karayib la ki koupe lyen ak Rèn Elizabeth II nan ane ki pase yo. Barbad te fè sa nan mwad Novanm 2021.

Koup wayal la te kanpe bo kote Holness lè li te fè anons la e yo pat reyaji eksepte pou kèk mouvman brèf ak tèt yo.

XS
SM
MD
LG