Accessibility links

Breaking News

Prens William, Kate Rive La Jamayik


Prens William d'Anglete ak Catherine, Duches Cambridge la kite avyon prive wayal yo pou al rankontre responsab Jamayiken yo apre yo debake nan Kingston, Jamayik, 22 Mas 2022.
Prens William d'Anglete ak Catherine, Duches Cambridge la kite avyon prive wayal yo pou al rankontre responsab Jamayiken yo apre yo debake nan Kingston, Jamayik, 22 Mas 2022.

Prens William d'Angletè ak madanm ni, Catherine rive La Jamayik, nan kad vire won yap fè nan Karayib la nan moman moun rejyon an ap gade de pre konpotman Anpir Britanik la vizavi peyi nan zon nan nan listwa.

Responsab Jamayiken yo te akeyi koup wayal la lè avyon yo te debake nan ayewopo Entènasyonal Norman Manley la pandan yon djaz militè tap jwe pou swete yo byenvini.

Pi bonè Madi de douzèn moun te rasanble devan Wo Komisarya Britanik la nan Kingston kote yo te chante chanson tradisyonèl Rastafaryen epi kenbe pannkatki di "Seh Yuh Sorry (Mande Padon)" - yon fraz patwa lokal la.

Ane pase a, gouvenman Jamayiken an te anonse plan pou l mande Angletè konpanse'l pou transpotasyon palafos yon afè 600,000 Afriken ke yo te fè vinn travay nan plantasyon kanasik ak bannann. Pwopriyetè esklav Britanik yo te fè fotin ak plantasyon sa yo.

Prens William ak madanm ni sipoze patisipe nan yon"aktivite spotif" ak yon "aktivite kiltirel" pandan vizit yo nan La Jamayik anvan yon pran direksyon Bahamas.

Vire won sa a vini 4 mwa apre La Barbad te tounen yon repiblik apre li wetire rèn nan kom chèf leta. Gouvenman Jamayiken an tanmen yon pwosesis ki taka pèmèt li swiv menm chimen an - malgre sa taka pran plizyè zane.

XS
SM
MD
LG