Accessibility links

Breaking News

Kolonbyen ap Chwazi yon Nouvo Prezidan


Gustavo Petro, kandida a la prezidans kowalisyon Ako Istorik la kite yon biwo'd vot apre li finn depoze bilten li nan eleksyon prezidansyel la nan vil Bogota, Kolonbi, Dimanch 29 Me 2022.
Gustavo Petro, kandida a la prezidans kowalisyon Ako Istorik la kite yon biwo'd vot apre li finn depoze bilten li nan eleksyon prezidansyel la nan vil Bogota, Kolonbi, Dimanch 29 Me 2022.

Kolonbyen ap soti anba pandemi a pou dekouvri inegalite, enflasyon ak zak vyolans ogmante nan peyi a.

Jodi Dimanch la, yap chwazi pami 6 kandida kap fe konpetisyon pou tounen pwochen prezidan peyi a, e ki pwomèt divès degre chanjman pandan ke pèp la an jeneral kwè peyi a ap vanse nan move direksyon an.

Pami kandida yo gen yon ansyen rebèl ki - si li eli - ta tounen premye chèf d'eta gochis peyi Kolonbi.

Genyen tou yon biznisman popilis ki gen anpil siksè nan domèn imobilye a e ki pwomèt pou'l peye lajan pou enfomasyon sou responsab kowonpi yo. Gen tou yon kandida zèl dwat ki eseye ekate'l ak prezidan aktyèl la ki pa popilè, an palan de konsèvatè Ivan Duque.

XS
SM
MD
LG