Accessibility links

Breaking News

Etidyan Ayisyen nan Kolonbi Gen Pwoblem pou Renouvle Viza yo


Foto Achiv: Yon elev Kolonbyen kenbe drapo peyi a nan Bogota, Kolonbi.
Foto Achiv: Yon elev Kolonbyen kenbe drapo peyi a nan Bogota, Kolonbi.

Kèk etidyan Ayisyen nan peyi Kolonbi di VOA Kreyòl yo jwenn anpil difikilte pou yo renouvle viza etidyan yo depi tansyon yo te ogmante ant Kolonbi ak Ayiti apre arestasyon ex-militè yo an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Etidyan yo di swa yo pa jwenn mwayen pou yo renouvle viza yo, oubyen lè yo prezante nan imigrasyon Kolonbi yo jwenn refi. Yo di yo ta renmen kontinye etid yo, e yo pa vle tounen Ayiti akoz pakèt pwoblem ensekirite ak politik ki genyen yo.

Etidyan yo di yo pè pou se pa pwoblem diplomatik bilateral yo kap afekte yo.

VOA Kreyòl mande Anbasad Ayiti nan Kolonbi fè komantè sou sityasyon etidyan yo men yo pa reponn nou.

Sepandan men kisa ministè afè etranjè Kolonbi a di nou pa rapò ak sa:

"Genyen plizyè ka etidyan Ayisyen ki pa konplete demann nesesè pou renouvle viza yo. Pami koz prensipal yo genyen: yo antre nan peyi a ilegalman, yo pa gen ase sipò ekonomik, yo sèvi ak viza etidyan an pou chache travay san otorizasyonn oubyen senpman yo pa konplete kalandriye akademik yo," Ministè Afè Etranje a di VOA.

Li ajoute "Demann yo pa rapò ak viza etidyan yo ak obligasyon (etidyan yo) dwe konplete se bagay ki nomal pa rapò ak migrasyon, e demann yo similè kelkeswa nasyonalite'w."

Ministè a di nou gen apepre 20 etidyan Ayisyen ki nan sityasyon sa a.

Pi bonè nan semenn nan, Minis Afè Etranjè Kolonbyen an Marta Lucia Ramirez te deklare Madi konsil li nan peyi d'Ayiti resevwa menas apre li te eseye jwenn asistans imanitè pou 18 ansyen solda Kolonbyen ke la jistis arete ane pase a anba akizasyon kòm kwa yo ta patisipe nan asasina Prezidan Jovenel Moise.

Minis la pa bay okenn lòt detay Madi, sou ki kalite menas egzakteman ki vize Julio Cesar Santa Martinez. Li pat fè kòmantè non plis sou kiyès ki fè menas sa yo.

Kolonbi pa gen anbasad ann Ayiti e Santa Martinez sèvi kòm sèl reprezantan ak konsil onorè peyi a depi ane 2016. Misye konekte sitwayen Kolonbyen kap viv ann Ayiti yo ak Anbasad Kolonbi genyen nan Repiblik Dominikèn.

Jounalis VOA Espayol Celia Mendoza kontribye a repotaj sa a

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG