Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kolonbyen an di Prèv yo Enplike Ex-Sòlda yo nan Asasina Prezidan Moise la


Foto Achiv: PNH transfere 2 sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise nan yon sal kote lapres prezan nan Direksyon Jeneral Lapolis la nan Potoprens, Jedi 8 Jiye, 2021.
Foto Achiv: PNH transfere 2 sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise nan yon sal kote lapres prezan nan Direksyon Jeneral Lapolis la nan Potoprens, Jedi 8 Jiye, 2021.

Prezidan Kolonbyen an, Ivan Duque deklare gen prèv ak temwayaj ki enplike seryezman "prèske tout" ansyen solda Kolonbyen ki fèmen nan prizon ann Ayiti an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise.

Nan yon entèvyou ak Associated Press, Duque deklare Mèkredi ke solda yo arete yo pral oblije konparèt devan yon tribinal. Sepandan, li ajoute "klèman dapre temwayaj plizyè pami yo," li evidan ke "gen yon nivo enplikasyon" nan asasina Moise la 7 Jiyè (2021).

" Mwen toujou di fòk gen yon envestigasyon. O fet, lapolis Kolonbi kontribye a envestigasyon an. Vreman vre, youn nan moun ki te chape poul li kouri kite Ayiti ke yo kaptire souliyen patisipasyon li. Sepandan gen lot etap anket la ki poko fini; setadi tout etap jidisye yo. Sepandan kleman, dapre temwayaj plizye pami yo bay lot ajans sekirite, pami yo ajans entenasyonal yo, li evidan ke gen yon nivo enplikasyon ki blese nou - li blese nou tout. Men kleman, si te gen nivo enplikasyon sa a vreman vre, li kle ke fok nou aplike sanksyon ki koresponn ak sa," Duque deklare.

Duque te adopte yon posizyon pi sevè fwa sa a sou kestyon 18 ex-solda Kolonbyen ke Ayiti kenbe depi yon ti tan apre Prezidan Moise te mouri pa bal lakay li, nan yon balye kapital la. Potoprens.

XS
SM
MD
LG