Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ensinere Kadav Ex-Militè Kolonbyen yo


Foto Achiv: Sispek yo an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral PNH nan Potoprens, 8 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Sispek yo an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral PNH nan Potoprens, 8 Jiye, 2021.

Konsila peyi Kolonbi ann Ayiti fe konnen Ayiti ensinere kadav 3 ex-milite Kolonbyen ki te swadizan patisipe nan asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Ensinerasyon an dewoule Madi semèn pase a, dapre sa Konsila a di Associated Press pa l'entèmedyè biwo laprès li. Yo ajoute ke sann ex-militè yo poko rive Kolonbi.

Otorite Ayisyen yo pa di anyen sou kestyon an.

Kadav Duberney Capador Giraldo, Javier Mauricio Romero Medina ak Miguel Garzon nan men Ayiti depi mwad Jiyè 2021, malgre fanmi moun sa yo mande Ayiti plizyè fwa pou voye yo tounen Kolonbi.

Prezidan Jovenel Moise mouri asasinen 7 Jiyè 2021 nan rezidans prive li nan yon banlye Potoprens. Madanm ni, Martine te blese grav. Pandan ankèt sou krim nan la jistis Ayisyen arete plis pase 40 moun pami yo 18 solda kolonbyen retrete ke yo akize dèske yo te antre nan kay la ilegalman pou touye prezidan an.

Fanmi ex-militè ki mouri Ayiti yo mande otorite Kolonbyen yo pou yo fè otopsi pou detèmine koz lanmo a epi mande rapatriman kadav yo.

3 militè sa yo te mouri nan yon echanj kout zam kèk hè'd tan apre asasina Moise la pandan yo tap eseye chape poul yo, dapre sa lapolis Ayisyen di.

Kolonbyen ki fèmen nan prizon yo bay yon lot vèsyon de sak pase nan yon kat yo ekri a la men ke AP resevwa nan mwad Septanm ane pase a pa l'entèmedyè yon manm fanmi yo. Yo endike ke Capador Giraldo te blese pa debri yon grenad ki frape'l nan hanch epi apre sa "Lapolis Nasyonal Ayisyen te toupizi'l epi touye'l ak yon kou de gras."

Kolonbyen ki fèmen nan prizon yo ak fanmi yo denonse tretman yo sibi a kom toupizi. Yo di yo boule yo ak la sir cho, yo ba yo kou ak zam epi mato. Anplis, 8 mwa apre krim lan, yo poko janm parèt devan la jistis ni resevwa okenn asistans juridik pou defann tèt yo nan tribinal.

Gouvènman Ivan Duque a nan peyi Kolonbi deklare piblikman ke majorite eks militè yo te vwayaje ann Ayiti akoz yon pwomès ke yo tapral travay kom gad sekirite epi patisipe nan operasyon espesyal. Se yon ti gwoup moun sèlman ki te o kouran vre misyon kriminèl la.

Mario Antonio Palacios Palacios, se sèl ex-militè ki enplike nan krim lan ke otorite Ameriken yo rive ekstrade anba 2 chèf akizasyon.

Palacios te chape anba men la jistis Ayisyen pandan plizyè mwa jiskaske li te rive nan la Jamayik, kote yo te mete'l anba kod akoz li te antre nan peyi a san papye. Pandan pwosesis depotasyon li kote li te fè eskal nan Panama anvan li tounen Kolonbi, la jistis te arete ex-solda a e li te aksepte pou Etazini ekstrade li.

XS
SM
MD
LG