Accessibility links

Breaking News

Yon Sispek Kle nan Asasina Prezidan Jovenel Moise la Dakò pou yo Ekstrade'l Ozetazini


ansyen senate Ayisyen John Joel Joseph anba kod nan la Jamayik
ansyen senate Ayisyen John Joel Joseph anba kod nan la Jamayik

Avoka ansyen yon senatè Ayisyen ki se youn nan sispèk kle nan asasine Prezidan Jovenel Moise la di Associated Press li dako pou yo ekstrade'l Ozetazini pou'l fè fas ak la jistis.

Avoka defans Donahue Martin deklare Jedi ke li potko klè kilè yo pral ekstrade John Joel Joesph, ke La Jamayik te arete nan mwad Janvye a, Ozetazini. Li ajoute ke madanm senatè Joseph ak 2 pitit gason li yo mande azil nan La Jamayik e yap tann yon repons.

Martin derefize fè okenn lot komantè sou antant ekstradisyon an e AP pat jwenn okenn lot detay non plis. Responsab gouvènman Ayisyen pa reponn demann pou reyaksyon yo sou nouvèl la.

Gen 2 lot sispèk nan ka a - Ayisyen-Chilyen Rodolphe Jaar ak ex-solda Kolonbyen Mario Antonio Palacios ke yo te ekstrade Miai pou fè fas ak la jistis Amerikèn. Yo te arete Jaar nan Repiblik Dominikèn nan mwad Janvye a, tandiske Palacios limenm te jwenn arestasyon'l nan La Jamayik nan mwad Oktob la.

La jistis akize tou le 2 mesye sa yo dèske yo te konplote pou komèt yon asasina oubyen yon kidnaping andeyo Etazini e ke yo te bay sipo materyèl ki te rezilte nan yon lanmo, aloske yo te konnen sipo materyèl sa a tapral sèvi pou egzekirte yon konplo pou touye oubyen kidnape yon moun.

La jistis mete anba kod plis pase 40 sispèk an koneksyon ak asasina prezidansyèl la - pami yo 18 ansyen solda Kolonbyen. Responsab gouvènman Kolonbyen an di majorite ex-solda yo di yo te twonpe yo e ke yo pat o kouran vre misyon an.

Avi rechech Polis Nasyonal Ayiti, PHN, pou John Joel Joseph, yon ansyen senate.
Avi rechech Polis Nasyonal Ayiti, PHN, pou John Joel Joseph, yon ansyen senate.

Li poko klè ki chèf akizasyon yo pral lanse kont Joseph. Li se yon politisyen Ayisyen opozisyon an ki te opoze pati Tet Kale prezidan Moise la.

Yon rapo Polis Nasyonal Ayisyen ki poko piblik men ke AP wè site plizyè sous ki di Joseph gen plizyè lyen ak atak 7 Jiyè a, e gen omwens yon moun ki idantifye li kom youn nan lidè konplo a.

Sous yo di Joseph peye ak kach pou lwe machin ke atakan yo te sèvi, li te rankontre plizyè lot sispèk anvan asasina a tou, ki te fèt anvan solèy te leve nan rezidans prive Moise la. Rapo a di tou ke ansyen senatè a te prezante lot sispèk bay Joseph Badio. swadizan lidè konplo a ki te konn travay pou Ministè Jistis Ayisyen an ak pou inite anti-kowipsyon leta. Sepandan yo te revoke'l.

Met sou sa, rapo a di James Solages, yon Ayisyen Ameriken ke la jistis mete anba kod tou, te gen yon konvèsasyon ak Joseph sou Whatsapp pa rapo ak preparasyon pou misyon an. Li di Solages di otorite yo ke Joseph, Badio ak Jaar te pami lidè yo te chwazi pou operasyon an.

Antant Jedia a vininan moman majorite sispèk nan ka a fèmen nan penitansye nasyonal la depi plizyè mwa nan Potoprens. Solda Kolonbyen yo di yo toupizi yo, tandiske gouvènman Kolonbyen an di konsil peyi yo ann Ayiti resevwa menas lè li t'al chache asistans imanitè pou yo.

An Septanm, ex-prizonye yo te di pat gen okenn twalèt ni dlo potab e ke yo te oblije swa achte dlo oubyen tann yon bon Samariten pote yon ti kras ba yo. Yo fè remake yo manje yon fwa pa jou sèlman e ke kèk nan yo pèdi 20 kilo.

Sispèk yo fèmen nan prizon pandan gouvènman Ayisyen an ap goumen pou avanse ka a. Premye jij yo te nomen pou jere dosye a bay demisyon ni apre li te site rezon pèsonèl, yon desizyon ki pran apre youn nan asistan li yo te mouri anba sikonstans ki poko klè. Yon dezyèm jij bay demisyon ni anba akizasyon kowipsyon ke li demanti. Yon twazyèm jij di lap konsidere si'l pral aksepte pou'l jere ka a.

Ann Ayiti gad a vi ak prizon yo kenbe plis pase 3 fwa kantite moun yo ta de pran e Nasyonzini pibliye yon rapo ane pase a ki fè remake
kondisyon detansyon responsab yo obsève reprezante yon "sityasyon toupizi oubyen tretman inimen ou degradan." Rapo a di tou ke gen rate manje ak dlo.

XS
SM
MD
LG