Accessibility links

Breaking News

Avoka Palacios Mande pou Ranvwaye Odisyon li Devan Tribinal Miami an


Mario Antonio Palacios, yon sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise
Mario Antonio Palacios, yon sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise

Yon dokiman legal VOA Kreyol we endike avoka ex-solda milite Kolonbyen Mario Palacios Palacios la, Alfredo Izaguirre, mande pou yo ranvwaye odisyon ki te sipoze fet 4 Mas la.

Dokiman legal la, ke Izaguirre siyen di li bezwen plis tan pou'l rankontre epi revize detay ka a ak kliyan ni.

Dokiman an di ke avoka gouvenman an, AUSA (Assistant US Attorney) Walter Norkin, pat opoze demann sa a.

Sepandan Jij Jonathan Goodman pa aksepte demann nan.

Nan repons li depoze fas ak mosyon pou ranvwaye odyans la, kote Palacios ta dwe plede koupab ou non koupab fas ak 2 akizasyon La Jistis Etazini lanse kont li yo, Jij Goodman di mosyon an pa presize konbyen tan lap mande "kek jou? Yon semen? Kek semen? Kek mwa? Mosyoan pa di krik sou kestyon an," jij la di.

Li kritike tou le fet ke akize a pa siyen mosyon an. Jij Goodman di, si akize a vle fe koreksyon sa yo nan demann li, li ka fe sa epi re-soumet li.

VOA Kreyol rele biwo jijn la Jedi apremidi pou we si li te ka banou
plis esplikasyon sou lod sa a, men san sikse.

Li poko kle si Palacios va reponn prezan devan tribinal la jan yo te preva'l Vandredi 4 Mas ou pa.

Nap raple ke Prezidan Jovenel Moise te mouri asasinen nan rezidans prive li bone maten 7 Jiye. Gen plis pase 40 moun la jistis arete an koneksyon ak krim nan - pami yo plizye polisye Ayisyen ak yon ansyen senate. Gen 18 ex-sòlda Kolonbyen ki femen nan prizon tou. Majorite nan yo di yo te desevwa yo le yo te ofri yo djòb pou travay kòm gad sekirite.

Gen 2 sispek nan femen nan prizon Ozetazini apre la jistis Ameriken te ekstrade yo - an palan de Rodolphe Jaar, yon ansyen enfòman gouvenman Ameriken an ke yo te arete nan Repiblik Dominiken nan mwad Janvye a, epi Mario Antonio Palacios Palacios, ke Jamayik te arete nan mwad Oktob 2021.

La jistis akize Palacios ak Jaar deske yo te founi sipo materyel pa rapò ak yon konplo ki te rezilte nan lanmò yo lide etanje epi deske li te patisipe nan yon konplo pou kidnape oubyen touye yon moun andeyò peyi Etazini.

Pwosesis jidisye pou jwenn koupab la trennen ann Ayiti. La jistis paka menm jwenn yon jij pou jere dosye a. Gen 2 jij ki bay demisyon yo, youn pou rezon pesonel e lòt la yo te akize de kowipsyon, yon akizasyon li demanti.

XS
SM
MD
LG