Accessibility links

Breaking News

Kiyès Lucas Papademos ye ?


Nouvo Premye Minis Lagrès Lucas Papademos
Nouvo Premye Minis Lagrès Lucas Papademos

Nouvo premye minis tanzisyon grèk la, se yon ekonomis moun respekte anpil e ki pase egzistans li ap anseye nan kèk gwo inivèsite isit Ozetazini, epi okipe plizyè pòs enpotan nan domèn finans sou kontinan ewopeyen an.

Lucas Papadremos, ki gen 64 tran kounye a, pa janm poze kandidati l pou okenn pòs nan aparèy leta a. Sepandan, se limenm ki pral ranplase George Papandreou alatèt yon gouvènman kowalisyon a kou tèm, e ki kapab dire jiskaske yo òganize yon eleksyon nasyonal nan peyi Lagrès nan mwa fevriye ane 2012 .

Mesye Papadremos diplome nan Fizik, jeni elektrik ak syans ekonomik---- yon diplòm li pran nan Enstiti Teknoloji eta Massachussetts (MIT) isit Ozetazini.

Moun konsidere l kòm yon teknokrat ki pa genyen oken afilyasyon politik e ki gen kapasite pou aplike mezi mare senti Lagrès yo nan moman peyi a twouve l nan yon gwo resesyon.

XS
SM
MD
LG