Nan peyi Lagrès, Lucas Papademos prete sèman kòm nouvo premye minis peyi a apre prèske yon semèn negosyasyon sou fòmasyon yon gouvènman kowalisyon ki espere sove nasyon an anba gwo-gwo kriz finansyè l ap travèse a .
Mesye Papademos ap prezante pita vandredi 11 novanm 2011 la manm kabinè ministeryèl li a ki, dapre li , ap genyen ladann prensipal minis ki te nan gouvènman sòtan mesye George Papandreou ki te bay demisyonn dimanch ki sot pase la a nan mitan yon manda 4 tran.