Accessibility links

Breaking News

Lagrès Pratikman Genyen Yon Nouvo Premye Minis


Vis Prezidan Bank Santral Ewopeyen an, Lucas Papademos, pandan yon konferans ekonomik nan vil Vienne, Autriche, nan mwa Me 2009 (foto achiv).
Vis Prezidan Bank Santral Ewopeyen an, Lucas Papademos, pandan yon konferans ekonomik nan vil Vienne, Autriche, nan mwa Me 2009 (foto achiv).

Lucas Papademos, yon ekonomis grèk, pra l ranplase premye minis George Papandreou kòm nouvo chèf pwovizwa gouvènman koalisyon ki pra l dirije Lagrès la— yon peyi plen ak dèt k ap goumen pou l satisfè egzijans kreasyon entènasyonal yo.

Sosyalis George Papandreou, k ap demisyonen kòm lidè peyi a jwenn yon antant madi swa ak lidè opozisyon Antonis Samaras sou pataj pouvwa nan gouvènman koalisyon ki pral dirije Grès jouk eleksyon ki fikse nan koumansman ane 2012 la.

Lidè opozisyon Antonis Samaras refize angajman ekri a, paske li di sa touche dirèkteman "diyite nasyonal peyi a} e ke yon deklarasyon vèbal pou soutni plan an ta dwe ase pou kreansyen yo.

Lagrès poko anonse ofisyèlman nominasyon nouvo premye minis la.
Inyon Ewòp la te egzije pou otorite grèk yo siyen yon antan ekri kote yo pran angajman pou aplike mezi "mare-senti" ki pa popilè nan kad plan soulajman dèt yo te apwouve mwa pase pou Lagrès la.

Mesye Papademos, yon ansyen vis-prezidan Bank Santral Ewopeyen an, se yon teknokrat e li pa mare sosis li ak okenn pati politik. Konsa, li pral kapab mete anplas mezi mare-sentu kreyansye entènasyonal yo ap mande Lagrès aplike anvan pou yo komanse bay li asistans finansyè li bezwen an.

XS
SM
MD
LG