Accessibility links

Breaking News

Jennifer Lopez ak Ben Affleck Selebre Maryaj yo Samdi ak Zanmi, Fanmi


Foto Achiv: Jennifer Lopez a dwat ak Ben Affleck nan gran premye film "Marry Me" la nan Teyat DGA a nan Los Angeles, 8 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Jennifer Lopez a dwat ak Ben Affleck nan gran premye film "Marry Me" la nan Teyat DGA a nan Los Angeles, 8 Fevriye 2022.

Jennifer Lopez ak Ben Affleck marye anko wikèn sa a. Men olye yo fè'l nan yon ti chapèl nan Las Vegas, yo marye fwa sa a devan zanmi ak fanmi nan eta Joji, yon pwoch koup la ki pat gen otorizasyon pale piblikman sou maryaj la di Associated Press Dimanch.

Dapre People Magazin, maryaj la dewoule lakay Affleck nan vil Savannah, eta Joji ( nan sid Etazini) kote tout timoun yo te prezan, Samdi.

Koup vedèt la te marye ofisyèlman mwa pase a nan Las Vegas. Lopez te anonse fanatik li yo nouvèl la sou rezo li "On the J Lo".

Lopez gen 53 zan e Affleck gen 50 an. Yo te soti ansanm nan komansman ane 2000 yo. Yo te jwe ansanm nan film "Gigli" an 2003 epi nan "Jersey Girl" an 2004. Yo te fiyanse apre sa men yo pat janm marye.

Paparazzi suiv koup la san pran souf depi yo te re-renmen ane pase a, soti depi nan premye etap womans yo pou rive nan gran debi piblik yo sou tapi wouj Festival Sinema Entènasyonal Veniz la ann Itali. Yo te swiv yo tou nan lin de myèl yo nan vil Paris sa pa gen lontan.

Reprezantan koup a poko fè okenn komantè sou maryaj la.

XS
SM
MD
LG